emanley12
/https%3A%2F%2Fprofilepics.canalblog.com%2Fprofilepics%2F1%2F5%2F1576947.jpg)
emanley12
Ses blogs
Articles à découvrir
Karèm, yon pèlerinaj de tabò a gòlgota lik 9, 28b-38 frèm ak sèm yo, karèm, se yon pèlerinaj ; yon pèlerinaj avèk granmèt la nan direksyon fèt pak yo. men, nan chemen sa ki kondi nou jiska maten rezireksyon an, jezi fè plizyè poz. gen plizyè ti kanpe nan wout. dimanch pase, aprè batèm li nan larivyè jouden an, se te nan dezè gali
Se yon reyalite : lakontantman, se pi gran byen moun, nan tout ras, tout sivilizasyon ak nan tout tan ap chèche. nou tout, nou gen yon aspirasyon natirèl pou sa ki bon, sa ki bay kè kontan. menm pi
beyatitid yo : ala chans pou moun sa yo… se yon reyalite : lakontantman, se pi gran byen moun, nan tout ras, tout sivilizasyon ak nan tout tan ap c
Lik 13, 1-9 frèm ak sèm yo, ou kwè gen yon sensasyon ki ka gen pi move gou pase lè yon moun santi li viktim ? m vle pale de bon jan viktim : sa nou pat prevwa, ki vini tout natirèlman, tankou lè yon moun pote nou yon move kou sezi, lè yon katastwòf ou yon maladi sibit e grav rive. anpil moun renmen jwe viktim, men pèsonn pa renmen viktim,
Mak 6, 27-38 frèm ak sèm yo, pawòl bondye a pou 7e dimanch c a ap atire atansyon nou sou anpil bagay, patikilyèman nesesite nou gen pou nou padone. pou tout e chak disip jezi, padon an dwe yon egzijans, yon obligasyon. dayè, se yonn nan mak fabrik nou, si byen, yon moun ki refize padone pa diy pou pote non jezi, ki te rasanble dènye enèji l
Levanjil : lik 2, 22-40 je m wè delivrans la… frè m ak sè m yo, nan okazyon 4e dimanch, tan òdinè sa a, nap selebre yon gran fèt (ki nòmalman selebre 2 fevriye), ki gen plizyè denominasyon. depi nan konsil vatikan 2 a, legliz la rele l : prezantasyon granmèt la. men tou, li gen anpil lòt non, tankou : pirifikasyon lavyèj mari, fèt lav
Lik 15, 1-3 ; 15-32 nesesite pou nou kase tèt tounen kay papa nou depi kèk jou, nou nan chemen an, nan direksyon fèt pak yo. cheminman sa a, legliz la envite nou fè l nan lapriyè, nan pataj ak nan fè jeun. men, puiske nou gen tandans konfonn jeun ak tristès ak lapenn, legliz la envite nou, anndan tan karèm nan menm, pou deja, nou antre nan
Lik 6, 39-45 yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay! pou yon rezon ou yon lòt, fraz sa atire atansyon m e li raple m epòk kovid la, kote anpil moun, sitou an ewop ak an amerik di nò, te oblije pote mask, ki te menm obligatwa nan espas piblik yo. mwen te fenk al etidye. se te difisil pou tout etidyan entènasyonal yo ki te fenk nan inivès
Si litiji a kontinye pwopoze nou epidòz sa a, se paske 1.- tantasyon sa yo pat adrese a jezi sèlman. 2.- se paske, ankò jodi a, tantasyon sa yo kontinye ap gete nou. karèm nan se yon konba. day...
satan tante jezi, e nou pa epanye lik 4, 1-13 chak premye dimanch karèm, litiji a envite nou medite sou epizòd tantasyon jezi nan dezè a. levanjil
Chanjman metye lèkti yo pou senkyèm dimanch c a pale nou de 3 moun, 3 frè nan lafwa, ki, tankou nou, te chaje ak problèm, ki pat pafè. nan premye lèkti a, profèt izayi di : « nanpwen sove pou mwen! jòdi a map mouri vre! paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. epi map viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bou
Matye 6, 1-6.16-18 frèm ak sèm yo, avèk mèkredi lèsann nan, nou kòmanse yon vwayaj, yon pèlerinaj dèyè do jezi, nan direksyon fèt pak yo. e puiske se dèyè do jezi, sa vle di an mòd disip, kòmansman levanjil la di nou klè kòman pou nou konpòte nou, si nou vle mache tout bon dèyè mèt la, antanke disip li. li raple nou tout yon ser